Ayiti pèl zanti yo, Yon mevèy inik, Yon trezò ra ki merite redekouvri
- Néélica Alexis

- 12 mai 2024
- 3 min de lecture

Istorisite
Ayiti, se yon peyi ki chaje ak divèsite. Pi plis pase yon senp peyi, li se yon bijou kiltirèl ki fè nich li nan Karayib la, kote ak yon richès istorik ak atistik, anpwent li metel apa de nenpòt lòt kote sou tè a. Se yon peyi ki jwenn richès ak divèsitel nan natil, ak istwal ki fèl pase plizyè non ak plizyè nasyon.
Istwal kòmanse ak endyen tayino yo, gwoup Arawak yo. Pèp semi sedantè yo te relel AYITI, ki te premye non peyi a. Nan lane 1492, aprè C. Colomb te fin devouvri zile a nan chechè epis epi pran posesyonl, yo rele AYITI HISPANIOLA (ti espay) kounya. Esklavaj kòmanse, espayòl yo maltretre tayino yo epi maspinen yo sa ki lakoz pifò mouri epi rès yo disparèt.
Kèk tan aprè, Lafrans dekouvri zile a epi vle pranl nan men Espay. Nan lane 1697, yo siyen trete Ryswick, yon trete lapè ki pataje zile an 2, pati lès la Santo Domingo (ki rele Saint Domingue ou Santo Domingo jodia) pou Espay, epi pati oksdantal la (ki rele repiblik Ayiti jounen jodia) pou Lafrans. Lafrans vin relel SAINT DOMINGUE epi bal sounon PERLE DES ANTILLES aprè gwo pwosperite plantasyon yo, gras ak komès esklav nèg ak atlant yo, kòmès triyangilè a : Lafrans, Lafrik ak Lamerik.
Aprè plis pase 170 lane nan esklavaj, akoz pwoblèm Lafrans tap konnen e ak lòt peyi e ak revolisyon fransè kont monachi fransè a epi gras ak deklarasyon inivèsèl dwa lòm ak sitwayen nan lane 1789 la, ki di ke tout moun fèt lib epi egal, koze sa te ki rive nan zòrèy esklav yo, yo ta pral pwofite fè yon soulèvman total kont tout vye tretman, tout kalte abi.
Ta pral gen yon revolisyon total, inik sou 3 fòm, anti kolonyalis, anti segregasyonis, anti esklavajis, ki kòmanse nan lane 1791 yo. Li fini 18 novanm 1803, gras ak ewo vanyan enfatigab yo, zansèt nou yo, avèk vanyan JEAN JACQUES Dessalines nan tèt yo.
Premye janvye 1804, koloni SAINT DOMINGUE nan vin rele HAÏTI avèk kapital li ki se Pòtoprens. Avèk yon nouvo òtograf, nouvo repiblik la vin rejwenn ansyen non endyenl, AYITI. Aprè 312 lane nan esklavaj, zile a pran libètel.

Nati Ayiti
Pi vit nou mete je nou sou Ayiti, pi vit bote l, peyizaj li, tanperatil, divès eleman vibran nan kilti li ap kaptive nou.
Ritm kaptivan li yo, ki sòti nan yon melanj konplèks nan enfliyans afriken, ewopeyen ak endyen yo, rezone nan tout ti kwen peyi a ki toujou trè aktif epi anime. Mizik ayisyen, tankou konpa dirèk, rara djaz, vodou, transpòte moun kap koutel yo nan yon vwayaj sansoryèl inoubliyab.
Richès kiltirèl Ayiti pa sispann epate moun ak mizik li. Atizay vizyèl li tou kapte moun, li reflete nanm pwofon pèp ayisyen an. Gras ak penti vivan epi ekspresif, chak atizay ayisyen yo dekri sèn nan lavi chak jou, peyizaj abondan, ak deskripsyon mistik vodou. Chak kout penso rakonte yon istwa, yon istwa lespwa, rezistans ak fyète nasyonal.
Poutan, vrè sans Ayiti a soti nan pèp li a tou. Malgre defi ekonomik ak politik peyi a ap fè fas, ayisyen gen yon fòs enteryè ak detèminasyon ki enspire mond lan. Ospitalite yo ak lajwa viv yo kontajye, yo raple tout moun ki rankontre yo vrè siyifikasyon kominote ak solidarite.
Lè nou eksplore Ayiti, nou dekouvri tou eritaj istorik fasinan li yo. Soti nan rès premye sivilizasyon endijèn yo rive nan fò kolonyal ak patrimwàn kiltirèl li ki dispèse sou tout kòt la, repann sou tout zile a. chak moniman, chak wòch rakonte yon istwa lit ak siviv. Ayiti te sèn (teyat) pi popilè nan revolisyon yo, premye nasyon endepandan nan lamerik latin ak nan karayib la, premye pèp nwa endepan.
Jodi a, Ayiti kontinye enspire ak fasine mond lan. Eritaj kiltirèl inik li a se yon sous enspirasyon pou atis atravè mond lan, pandan tout moun li yo ap travay san pran souf pou fòme yon pi bon avni pou jenerasyon k ap vini yo malgre tout bagay.
Ayiti mèvèy inik
Ayiti pi plis pase yon peyi. Li se yon trezò kiltirèl, yon sous inepwizab nan zafè enspirasyon ak bote divès kalite, sòti nan istwal, natil, peyizaj li rive nan abitanl ak bote inik e diferan yo chak eritye de diferan desandan yo (Afriken, ewopeyen, endyen).
Kontrèman ak sa ki repete souvan, tout pèp endyen tayino yo pat fin detwi oubyen kite AYITI. Nou jwenn desandan sila yo tou sitou nan sidès peyi AYITI, sitou nan Côte de Fer nan zone BOUKAN BELYE, GRIS GRIS, elatriye. Yo toujou detache de mòd sosyete aktyèl la, de evolisyon jodia epi rete prèske tankou endyen tayino yo te ye lontan.
Pandan n ap eksplore richès AYITI yo, nou dekouvri non sèlman istwa nasyon ekstraòdinè sa a, men sitou, fòs endontab lespri imen an ak kouraj li genyen poul reziste poul kontinye egziste.
Néélica ALEXIS




Commentaires