DJAB RASYAL : KISA KI DJAB RASYAL
- Néélica Alexis

- 1 août 2024
- 3 min de lecture
Dyab rasyal an Ayiti: yon eksplorasyon dinamik sosyal ak istorik

Kontèks Istorik ak Sosyal
Ayiti, ansyen koloni fransè a, te sèn premye revolisyon esklav ki te mennen nan endepandans peyi a an 1804. Revolisyon sa a, ki te dirije pa figi anblematik tankou Toussaint Louverture ak Jean-Jacques Dessalines, non sèlman make fen esklavaj la men tou, nesans premye repiblik nwa endepandan. Sepandan, lit pou egalite rasyal ak jwenti sosyal pa t fini ak endepandans.
Istwa Ayiti make pa konpleksite san parèy, ki fòme nan esklavaj, revolisyon ak dinamik sosyal inik. Pami fenomèn kiltirèl ki soti nan seri konplèks sa a, konsèp "dyab rasyal", se yon tèm lòt peyi pa trò konnen men, ki jwe yon wòl enpòtan nan konpreyansyon relasyon ras ak tansyon sosyal an Ayiti.

1. ''Konsèp "Dyab rasyal la ak orijin li"
Konsèp "Dyab rasyal " la gen rasin li nan eritaj kolonyal kote loksidan te konn itilizel pou dyabolize tout pratik espirityèl ki pwòp a nwa yo epi ak sistèm yerachi rasyal ki te pèsiste apre endepandans yo. Li vin yon nosyon ki refere tansyon, divizyon rasyal, sosyal ak relijye, ki pèsiste an Ayiti malgre fen ofisyèl kolonizasyon ak esklavaj la. Pou kèk Moun, sitou Sila ki kretyen yo, dyab rasyal anglobe tout sa ki mal soti nan kwayans ki pwòp ak nasyon nwa a, rive nan vye aksyon ki poze, vye koutim(mès), krim. Genyen ki menm akwochel ak tout sa ki gen koulè nwa, ki pa bèl, ki pa pwòp, ki fè pè, ki misterye. Pou kèk lòt sitou Sila ki pa kretyen yo, dyab rasyal la se Yon mit loksidan kreye pou fè nwa yo wè mal ak rejte tout pratik espirityèl ki pwòp a yo, pou yo kontinye nan lesklavaj, kontinye nouri pwisans egrogò loksidan an poul toujou domine. Pou yo tout Moun ki wè mal pratik espirityèl nwa yo toujou rete zonbifye, esklav. Konsèp Dyab rasyal la ki souvan itilize nan diskisyon akademik, relijye, sosyolojik, reflete plizyè stigmat ki pèsistan ak estereyotip rasyal, ki enfliyanse, divize sosyete ayisyen an.

Manifestasyon Dyab la rasyal
Nan sosyete ayisyen an, "dyab rasyal " la manifeste atravè divès mekanis sosyal. Sa gen ladann diferans ekonomik, kote moun ki gen koulè pi klè ka gen avantaj sosyal ak ekonomik epi reprezantasyon nan medya yo ak kilti, kote kèk imaj ak estereyotip rasyal yo dire lontan.
Men konsèp sila sitou manifeste nan diferan sèk relijye kote pifo kontinye swiv tras loksidan épi dyabolize tout pratik relijye ki pwòp a ras nwa a, ak pratik zansét yo.
Enpak sou sosyete ayisyen an /Konsekans sou relasyon sosyal
"Dyab rasyal " la gen gwo konsekans sou relasyon sosyal yo an Ayiti. Li enfliyanse entèraksyon chak jou yo epi kreye yerachi enfòmèl ki ka afekte opòtinite. Li dekonekte moun yo ak rasin yo, fè yo minimize epi rejte tout pratik ki pa yo ak enèji ki ta kapab favorize, ranfose valè tradisyonèl, kiltirèl, espirityèl yo antanke pèp inik.

Repons ak Inisyativ
Fas ak defi sa yo, mouvman ak òganizasyon ayisyen yo dwe travay pou ankouraje egalite rasyal ak dekonstwi tout stigmat sa yo. Plizyè Inisyativ kominotè, pwogram edikatif ak kanpay konsyantizasyon dwe kreye pou vize, abòde ak rezoud pwoblèm sa yo.

"Dyab rasyal" an Ayiti se yon konsèp konplèks ki montre defi ki pèsistan ki gen rapò ak pwoblèm ras ak klas epi kwayans nan yon kontèks pòs-kolonyal. Lè yo eksplore dinamik sa yo, li vin posib pou pi byen konprann tansyon sosyal yo ak travay pou yon sosyete ki pi ekitab ak enklizif. Istwa Ayiti, ak lit ak siksè li, ofri leson valab pou lòt sosyete k ap fè fas ak defi menm jan an.

Finalman,
konprann ak rezoud pwoblèm ki gen rapò ak "dyab rasyal" la, mande pou gen yon angajman san fen nan jistis sosyal, rekonesans kontribisyon yo epitou ak defi san parèy chak gwoup ki nan sosyete ayisyen an.
Néélica ALEXIS




Commentaires