Kijan nou kapab chanje imaj negatif anpil moun gen de vodou a an AyitiI
- Néélica Alexis

- 27 mai 2024
- 3 min de lecture

Kisa ki vodou a?
Daprè sans etimolojik li, vodou se yon relijyon ki pran nesans an Afrik. Li rive etabli nan
kèk peyi nan Amerik yo ak kèk peyi nan Karayib la tankou Ayiti akoz komès esklav transatlantik la. Tou depan de peyi a, se yon pratik espirityèl ak relijye ki entegre eleman kwayans Afriken yo, espirityalite endijèn nan Amerik yo ak kèk tandans relijyon katolik la (pa rapò ak kèk priyè epi imaj yo itilize).
Aprè kèk tan, akoz plizyè kalte pratik diferan sou zile Ayiti a, vodou a vin sibi plizyè
entèpretasyon. Pou anpil save, li rete yon relijyon. Pou anpil lòt save tou ki ale pi lwen, vodou a pa yon senp relijyon, li pa ranpli 3 kondisyon pou gen yon relijyon yo ki se: gen yon Dye, yon liv sakre, ak yon tanp prensipal. Pou save sa yo, li se pito yon fason moun viv ki baze sou pataj, amonizasyon avèk lanati, ak metriz kat eleman yo: dife, lè, latè, epi dlo. Nan vodou a, yo rekonèt egzistans yon mond espirityèl peple pa lespri yo rele lwa, ki ka kominike avèk moun. Pratikan vodou yo kominike ak lespri sa yo atravè rityèl, seremoni, dans, ak ofrann. Vodou bay lanati anpil enpòtans. Se yon relijyon ki souvan pratike nan mitan fanmi ak kominote.
Yo souvan pratikel kòm yon pati nan rit pasaj, selebrasyon familyal, ak festival kominotè. Vodou a gen yon tradisyon kiltirèl rich, ki anglobe mizik, dans plizyè ritm, atizana, ak pwezi. Poutan sa pa anpeche anpil moun, anpil Ayisyen wèl nan move fason.
Ki imaj yo gen de vodou a konsa?
Malgre nou ka konstate vodou a gen anpil richès epi gen tout plas li nan sosyete a, sa pa
anpechel sibi anpil prejije. An Ayiti, yo souvan asosyel ak sa ki mal, ak bagay djab. Nan sans sa, depi yon moun di li se vodouyizan, yo tou evitel, metel sou kote, tankou yon kat make. Rezon ki lakoz tout prejije sa yo miltip, men nou ka konsidere kèk, tankou:
- Itilizasyon kèk pratik pou fè mal tankou zonbifikasyon
- Reprezantasyon ak kèk senbòl ak imaj ki fè moun pè
KIJAN NOU KAPAB CHANJE IMAJ NEGATIF ANPIL MOUN GEN DE VODOU A AN AYITI?
- Strateji oksidan pou fè nou dyabolize ak devalorize vodou a, derekonèt rasin nou
- Konkòda Damien nan 1860 kote leta te remèt legliz katolik ofisyèlman edikasyon nan peyi a, ki
ta pral koz pratik legal vodou a sibi 4 kanpay rejte
Ki mwayen ki ta dwe itilize pou chanje imaj sitou Ayisyen gen de vodou a?
Jodia, gen yon obligasyon pou rekonèt sa ki pa nou, mete kontwòl sou richès ki nan
vodou a epi chanje imaj li an Ayiti. Nan menm objektif sila, nan lane 2003, Aristide te legalize
vodou a tankou yon relijyon menm jan ak tout lòt, malgre okenn swivi pa t fèt.
Pou nou kapab chanje imaj anpil moun gen de vodou a, gen seri de bagay ki dwe mete
anplas, tankou:
1. Reedikasyon Vodou an : Vodou an Ayiti bezwen gen lekòl pa l, pou l kapab fè ideyoloji
vodou a anrasinen nan lespri pèp la. Timoun kap grandi yo bezwen kòmanse gen yon
konsepsyon lojik e moral de vodou a.
2. Aksyon charitab : Anpil moun panse vodou a la pou fè moun mal. Nan sans sa, gen zèv
karitativ, tankou: lopital, sant akèy, òfelina, elatriye ap vrèman bon pou vodou a.
3. Entegrasyon nan estrikti politik : Vodou a dwe nan politik san kache . Li pa dwe itil sèlman
lè politisyen bezwen chans. Fòk vodou a monte sou tab ak fè pati desizyon politik yo.
4. Enfliyans kiltirèl ak sosyal : Li vrèman enpòtan pou fèt ak aktivite vodou yo pran tout anplè yo, pou aktivite sa yo trè medyatize. Sa ap ede sosyete a bay vodou a lejitimite li merite. Li enpòtan pou peristil yo pi bèl epi enpozan, pou imaj lwa yo pi enpozan epi otantik, pou chante yo byen repètorye. Vodou a bezwen evolisyon nan fason yo reprezantel.
5. Enstitisyonalizasyon: Jodi a, gen twòp aktivite kap regle nan vodou san okenn kontwòl. Li vrèman enpòtan pou vodou a enstitisyonalize, pou gen moun save yo met ansanm pou striktire vodou a. Sa ap ede gen mwens enjistis, mwens konfizyon epi plis konfyans ak respè.
Konklizyon
Vodou se yon pratik vrèman enpotan nan lavi peyi dAyiti ki chaje pwisans, pouvwa nan lanmou, pataj, amoni ant moun epi ak lanati. Se pa yon pratik nou dwe janm neglije. Lè a tanmen bout li pou Vodou an Ayiti gen bon jan estrikti ki solid pou anpeche, evite abi, mechanste, ak enjistis. Kote tout detay regile e sou kontwòl pou yon lot konsepsyon, yon lot mòd vi pou yon Ayiti sanpousan bèl, vivan, rich e sitou otonòm.




Commentaires