MAPOU PATRIMWÀN NATIRÈL ENPOTAN TOUT AYISYEN DWE KILTIVE AK VALORIZE
- Néélica Alexis

- 2 juil. 2024
- 2 min de lecture

Pami pil trezò natirèl Ayiti genyen,
Mapou ki gen pou non syantifik "Ceiba pentandra" se Youn nan pi gwo pyebwa ki pouse nan
peyi a sitou pou gwosè l ak ki dire plis l tan anviwon 300 lane.
Se Yon plant antiyè yo bay plizyè non tankou mapou wouj, fromajye elatriye.
Kontrèman ak itilite espirityèl li ki fè anpil Ayisyen mal konprann, dyabolize l ak metel sou kote,
se Yon pye bwa anblematik ki sèvi kòm referans nan patrimoine kiltirèl ak natirel Ayiti.
Mapou se Yon Plant ki ka genyen yon enpotans kapital pou gwo wòl li kapab jwe nan zafè
anviwonman, kilti, medisinal, ekonomi ak espirityèl yon peyi.

Mapou Yon pyebwa pilye nan byennèt lanati
Mapou se Yon plant ki gen anpil byenfè, ki kapab asire byennèt anviwonman an.
Li pèmèt gen plis dlo, plis sous ki fasilite plis manje, plis plant pouse. Gras ak rasin li tè a pi fèm,
pi rezistan pou konbat deboulman teren ki ap diminye nan anviwon 12mil ekta tè Ayiti pèdi chak
ane. Mapou tou abri ak pwoteksyon pou anpil espès bèt tankou plizyè espès bèt volay ak lòt
kalte ankò, li jwe tou yon wòl enpotan nan ofri frechè pou tanperati a pi fre pi apezan.
Mapou Yon plant ki chaje itilite medisinal, medikal
Soti nan fèy pou rive nan rasin mapou a, chak pati li genyen kapab itilize pou fè: medikaman,
pomad, lwil, ak lot konpoze medikal anko
Pou fè remèd pou trètman plizyè tip enfeksyon tankou: virus gonokòk, gonore, trikomonaz,
kolik, sifilis
Pou enflamasyon, pou pwoblem po ak cheve. Elatriye...

Itilite kiltirèl mapou
Mapou se Yon plant referans kòm moniman istorik natirèl ak divès lot itilite kiltirèl ki kapab fè
fyète Ayiti .
Avèk tij li ki komestib lèl poko rèk, li kapab ogmante gou ak diferan manje kizin ayisyèn nan ofri.
Bwa mapou a pemèt konfeksyon bijou, meb, planch....
Nan kouche ki kouvri grenn nan nou kapab ekspòte twal,
Flè yo itil nan domèn apikilti gras ak polèn yo ofri abèy yo ki pemèt siwo myèl yo pi bon....
Mapou : Yon pye bwa ki chaje pwopriyete mistik
Mapou se Yon pye bwa ki chaje pwopriyete mistik nan tout sans.

Li se repozwa tout lwa tankou lwa gad bosou poun site sa selman epi legba (lwa frekans li vibre
pi wo) nan mapou yo si pa gen lot lwa chèf bitasyon ki te jouke,. Nan Yon pye mapou plis pase
21 frekans diferan kapab vibre.
Se Yon plant ki itil konnen yo anpil, yo sèvi ak li epi ak chak pati nan kòl pou fè plizyè kalte
trètman mistik, pou lye rankont anpil sosyete mistik. Daprè anpil Moun, mapou se pòtay ant
mond lan ak mond yo rele mond envizib la.

An jeneralman
Mapou se Yon gwo pyebwa ki, anplis de tout byenfè li nan anviwonman, kilti ak mistik peyi a,
kapab ede relanse ekonomi ayisyèn nan sin aprann plantel, kiltivel epi eksplwate ak
komèsyalize tout sa l kapab ofri, pou kontribiye nan devlopman peyi a, lagrikilti ak nan kwasans
ekonomi ayisyèn nan.

NB klike sou video pou plis bagay sou mapou
Néélica ALEXIS




Commentaires